|
Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti
Rapò etap ki bout 27 oktòb 2005
Entwodiksyon
Apre enstitisyon elektoral 8 peyi te fin deside mete l sou pye, Misyon Entènasyonal kap Evalye eleksyon yo ann Ayiti ap travay sou teren an; li gen rekonesans Konsèy Elektoral Pwovizwa a1. Misyon an rive evalye pwosesis elektoral la sou baz rapò obsèvatè ki sou teren yo ak analiz divès espesyalis fè sou 15 pwen kle misyon an tabli pou evalye eleksyon 2005 yo nan peyi Dayiti2. Annatandan, premye rapò sa a chita sou 3 pwen – enskripsyon elektè, kad lalwa, ak preparasyon pou eleksyon yo. Komite kap dirije Misyon an te egzaminen pwen sa yo nan dat 5 ak 6 oktòb 2005 pase a, nan premye reyinyon li te tanmen nan Pòtoprens ; Konsèy Elektoral Pwovizwa a te resevwa premye vèsyon rapò sa a ki te fin pare nèt nan dat 27 oktòb 2005 la. Li deja disponib sou sit entènèt Misyon an.
Enskripsyon elektè yo
Misyon an evalye preparasyon ak pwosesis enskripsyon elektè yo dapre dives prensip. Men yo:
-
Dwa pou moun vote se youn nan preskripsyon Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan
-
Vote se yon egzèsis pèsonèl, libelibè, sekrè, dirèk, san diskriminasyon pou tout moun
-
Moun gen dwa vote depi li se ayisyen epi depi li gen laj pou sa
-
Tout vòt konte e yo gen menm enpòtans
-
Pwosesis elektoral la dwe onèt epi transparan
- Enskripsyon ak patisipasyon nan eleksyon se jès konsekan ki merite ankourajman
Enskripsyon elektè yo se yon aspè enpòtan nan pwosesis elektoral la ki mande anpil resous. Misyon an konstate Konsèy Elektoral la ak OEA te pran dispozisyon nesesè pou pwosesis enskripsyon elektè yo te dewoule nan bon kondisyon. Peryòd enskripsyon elektè yo te dwe bout nan dat 30 septanm 2005, men yo te blije rapousuiv li jis nan dat 15 oktòb
la nan divès seksyon kominal ak nan zòn kote ki pat gen anpil moun enskri. Nan moman nou tap ekri rapò sa a, plis pase 3 milyon sitwayen nan 4,4 milyon ki gen laj pou sa3, te rive enskri ; sa ki reprezante 70%. Yon chif nou ka konpare ak kantite elektè nan lòt peyi ki gen tradisyon fè eleksyon, peyi kote demokrasi tabli depi kèk tan.
Nou dwe byen akeyi pwosesis enskripsyon elektè yo lè nou konnen kouman sityasyon an difisil pou preparasyon eleksyon yo ann Ayiti. Egzanp, moun kap travay nan biwo enskripsyon yo konn blije pote materyèl yo sou do bourik ak chwal, yo monte mòn desann mòn, epi elektè yo, yo menm mache pandan plizyè èd tan pou yo ka enskri. Alèkile, reyisit enskripsyon an se rezilta bonjan devouman responsab biwo yo.
Men, Misyon an konstate pwolongasyon sou pwolongasyon peryòd enskripsyon elektè yo se yon sous dezòd ak konfizyon. Malgre alafen sa te pèmèt plis moun enskri, nou rekonèt, pil anons nouvo delè sa yo te kanpe moun yo sou kous yo pandan pwosesis enskripsyon an.
Nan yon tan ki pa lwen, KEP a dwe abòde kesyon enpresyon ak distribisyon Kat Idantifikasyon Nasyonal la. Desizyon pou marye enskripsyon elektè yo ak pwogram Kat Idantifikasyon Nasyonal la se te yon bon lide. Lap pèmèt KEP a kreye epi distribiye kat idantifikasyon elektè yo pou yon bon bout tan. Men, divès pwen merite yon atansyon spesyal touswit. Fòk KEP a òganize fonksyonman BED yo (Biwo Elektoral Depatmantal) ak BEK yo (Biwo Elektoral Kominal). Fòk biwo sa yo louvri pou operasyon distribisyon kat elektoral la fèt anvan premye eleksyon yo. Fòk KEP a idantifye plas tout Biwo kote sitwayen yo ap kabab jwenn kat la epi pran mezi anfavè sitwayen ki pèdi fich yo osnon ki pa gen kat la jou vòt la. Finalman, fòk piblik la byen enfòme sou pwosesis distribisyon kat yo.
Pi devan, KEP a dwe pran dispozisyon pou konplete lis elektoral la. Lè lis sa a fin tabli nèt, alòs lè KEP fin gen yon lis elektè pèmanan, lap gen pou korije li toutan epi pwoteje l nan bonjan sekirite.
Kad jiridik la
Misyon an egzamine kad jiridik la sou baz lalwa: Konstitisyon 1987 la; Akò 4 avril 2004 pou tranzisyon politik la; Dekrè elektoral mwa fevriye 2005 la; ak lwa mwa Jiye 1986 sou Pati politik yo. Malgre li manke, se yon kad lalwa ki akseptab ki bay satisfaksyon, pliske l ka pèmèt eleksyon libelibè, san paspouki.
Anvan nou analize kad jiridik la, fòk nou di, KEP a se yon enstans ki la pou l travay pandan tranzisyon an. Men lap fonksyone ak lalwa Gouvènman anvan an yo te tabli.
Kidonk, li enpòtan pou nou chita sou kèk aspè nan kad jiridik la. KEP a ta dwe mete kanpe regleman entèn yo pou rive rezoud pwoblèm enstitisyon an. Sa ap pèmèt li pran bonjan desizyon kòmsadwa, regle konfli yo, byen mennen pwosesis elektoral la; nou tap ka konsidere pwen sa yo kòm pwogrè ki tap bay KEP a imaj yon enstitisyon ki gen ladan pwofesyonèl ki ka jere, ki responsab epi ki merite konfyans popilasyon an.
Misyon remake kèk feblès nan Dekrè Elektoral la, sitou nan sa ki gen pou wè ak pwosedi pou regle pwoblèm dezakò osnon kontestasyon elektoral yo, finansman Pati politik yo ak wòl medya yo.
1) Jan yo regle konfli nan pwosesis la
Akòz kontestasyon yo anpil, li ta pi bon si yon otorite ki pa twò enpòtan, ki endepandan, epi ki pa nan paspouki rezoud plent ki pa twò gwo yo rapid rapid; konsa yo pa tap blije ale devan Lakou Kasasyon. Plent ki pi lou e ki pi grav yo tap yo menm rive devan pi gwo enstans lajistis peyi a. konsa, Lakou Kasasyon ak KEP a pa tap gen rakou pil kontestasyon pou yo jere.
Daprè divès repòtaj ki soti nan laprès, (13 oktòb 2005) Gouvènman peyi Dayiti chanje Dekrè elektoral la. Chanjman sa yo pako janm soti piblik. Enfòmasyon yo fè konnen chanjman yo ap fèt yon jan pou delè tretman plent yo vin pi kout. Anplis, se KEP a ak Biwo Kontansye Elektoral la kap gen pou jere kontestasyon yo pou eleksyon an. Nap tann plis detay sou sa.
2) Finansman pati politik yo
Konsèy Elektoral Pwovizwa a ta dwe anvizaje tabli bon baz nan nivo enstitisyon leta yo pou kontwole finansman konpay elektoral pati yo. Sa ap pèmèt gen plis transparans nan jan pati yo ap mennen bak yo pandan kanpay la. Pou sa fèt, fòk gen enstitisyon ki la pou tabli règleman yo, fòk pati politik yo bay rapò sou jan lajan an ap depanse; fòk gen dispozisyon lalwa pou rive jere sa kòmsadwa mete sou posiblite pou bay pati yo sanksyon administrativ epi sibi penn lalwa lè yo pa respekte règleman yo.
3) Wòl medya yo
Demokrasi pa ka egziste san medya ki pa nan patipri e ki endepandan. Evalyasyon an fèt sou wòl medya yo nan pwosesis demokratik la sou divès pwen. Men yo:
-
Pandan vòt la epi apre, tout pati politik yo patisipe nan emisyon nan medya yo Medya yo kouvri aktyalite elektoral la san patipri pou tout pati politik
-
Lidè pati kap patisipe nan eleksyon an patisipe nan deba nan televizyon pandan kanpay elektoral la
- Nominasyon osnon revokasyon yon direktè enfòmasyon/pwogramasyon fèt sou baz antant pou anpeche enjerans ak manipilasyon Gouvènman an.
Pliske pa gen ni enstitisyon leta ni lwa ki jere medya yo, KEP a dwe tabli regleman sou jan medya yo ap distribiye lè bay pati politik yo pandan peryòd elektoral la epi sipèvize tout pwosesis la. Menm jan pou finansman pati politik yo, KEP a dwe prevwa pran sanksyon administrativ epi tou devan lalwa kont tout medya ki respekte regleman yo.
Preparasyon eleksyon an
Misyon an estime preparasyon kap fèt pou eleksyon an pa ase transparan epi yo pap byen mache, malgre yo amelyore yon ti jan pandan tout pwosesis la.
Lè nou egzaminen preparasyon kap fèt pou eleksyon yo, nou jwenn divés pwoblèm nan jan KEP a pran desizyon yo. Manb KEP a pèdi anpil tan nan fè anpil rankont pou rive pran tout desizyon pou chak grenn pwen. Anplis, KEP a pa byen fonksyone akòz li pa gen twòp kapasite pou pran desizyon; mete sou sa, manm KEP a toujou ap pran yon bann ti desizyon anlè anlè; tout pwoblèm sa yo fè pwosesis la fè anpil pa sou plas parapò ak gwo desizyon pou manm KEP a pran. Nan moman rapò sa a tap soti, KEP a te toujou patko fin chwazi moun kapral resevwa fòmasyon pou yo ka travay nan Biwo Elektoral Depatmantal yo (BED) ak nan Biwo Elektoral Kominal yo (BEK).
Se transparans non dewoulman pwosesis elektoral la kap ranfòse lejitimite KEP a; e se sa kap pèmèt tout aktè ki enplike nan dewoulman eleksyon yo fè KEP a konfyans. Nou konstate, tout aktè yo gen tèt chaje poutèt manke transparans nan pwosesis elektoral, nan sa k gen pou wè ak sètifikasyon pati politik yo ak mannyè KEP a fè pou anplwaye moun pou travay nan pwosesis la.
Nan koumansman mwa oktòb lane 2005 sa a, KEP a te gentan mete deyò twa kalandriye elektoral e li te pral mete deyò yon katriyèm nan mitan mwa oktòb la. Anpil chanjman te fèt nan kalandriye yo akòz yo te vle rapouswiv enskripsyon elektè yo nan seksyon kominal ki lwen yo ak nan zòn kote anpil moun pat rive enskri. Kalandriye a se yon zouti potomitan ki òganize tout etap nan yon eleksyon. Sa pou nou di sitou, yon eleksyon se rezilta plizyè santèn aktivite ki bezwen preparasyon nan tout ti detay yo. Se pou sa, Misyon an gen kè kase poutèt jouk koulye a pa gen yon plan ki detaye pwosesis elektoral la. Anplis, plan sa a nesesè paske l pèmèt moun kap òganize eleksyon yo respekte sa plan an mande ak dèle yo. Enskripsyon Pati politik yo, òganizasyon biwo vòt yo ak enskripsyon elektè yo, se kèk nan gwo kalite travay yon eleksyon bezwen pou l ka byen fèt. Se byen bonè pou kalite travay sa a planifye pou nou ka konnen ki mwayen ak posiblite ki genyen pou pwosesis la byen fèt.
1 Peyi ki manm Misyon an se: Brezil, Chili, Dominikani, Etazini, Jamayik, Kanada, Meksik ak Panama.
2 Pou nou jwenn lis tout pwen Misyon an ap evalye yo, gade nan Kominike pou laprès MIEEH te pibliye nan dat 6 oktòb 2005 la sou sit entènèt, www.mieeh-immeh.ca.
3 Estimasyon pou kantite moun ki gen laj pou vote a fèt dapre enfòmasyon resansman 2003 Enstitisyon Ayisyen Statistik ak Enfòmasyon mete deyò. |