|
Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti
pibliye yon nouvo rapò sou eleksyon 7 fevriye 2006 yo
epi fè divès rekòmandasyon pou dezyèm tou a
Pòtoprens, vandredi 7 avril 2006 — Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti (MIEEH), ki anba direksyon Jean-Pierre Kingsley, Direktè Jeneral Biwo Eleksyon Kanada, mete
deyò jodi a yon lòt rapò sou eleksyon ki te fèt 7 fevriye 2006 yo nan peyi Dayiti. Nan rapò sa a, Misyon an prezante obsèvasyon l te fè sou sant tabilasyon vòt yo ak piblikasyon rezilta yo.
Rapò sa a konplete tout pwen Misyon an te trete nan premye rapò li te mete deyò nan dat 9 fevriye 2006 la epi prezante divès rekòmandasyon ki gade dezyèm tou eleksyon palmantè yo. Misyon an te déjà prezante Direktè Jeneral Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Jacques Bernard, rekòmandasyon sa yo.
Misyon an rekonèt pèp ayisyen an te desann anmas pou al vote kote l te manifeste tout bon vre libelibè volonte li sou avni li sou wout demokrasi.
Nan kad dezyèm tou eleksyon palmantè yo, rapò a prezante divès rekòmandasyon pou amelyorasyon tabilasyon vòt yo ak jesyon sant vòt yo. Rapò a fè rekòmandasyon tou sou nesesite pou sant vòt yo louvri alè; pou gen plis moun kap travay nan sant vòt yo; fòmasyon moun sa yo; ak fabrikasyon materyèl nou itilize nan sant vòt yo, tankou izolwa yo. Nan sak gen pou wè ak tabilasyon vòt yo, rapò a fè rekòmandasyon pou se menm mòd kontaj ki te gen pou eleksyon prezidansyèl la KEP a kenbe, nan itilize vòt blan yo.
Misyon an, ki gen biwo sekretarya li nan Pòtoprens te lanse travay obsèvasyon eleksyon yo ak travay akonpayman Konsèy Elektoral Pwovizwa a depi mwa dawout lane 2005. depi lè sa a, obsèvatè Misyon an yo ki la pandan tout pwosesis elektoral la deplòtonnen nan chak depatman peyi Dayiti.
Misyon an pral bay dizon l sou lòt aspè nan pwosesis elekoral la nan jou kap vini la yo, nan sa ki gade jan otorite yo nan KEP a trete kontestasyon yo.
Nou ka jwenn nouvo rapò a sou sit entènèt
Misyon an (www.mieeh-immhe.ca).
Ransèyman :
Jasmine Vendredi, Rapò ak laprès – (509) 414-4778
Robert B. Lussier, Konseye, Rapò ak medya entènasyonal yo – (509) 455-0826 |