International Mission for Monitoring Haitian Elections
Français English Español Português
 
 


Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti deplòtonnen plis pase 130 obsèvatè nan tout depatman peyi a nan kad eleksyon 21 avril 2006 yo

Pòtoprens, madi 18 avril 2006 – Depi yo fin rive nan peyi Dayiti samdi 15 avril la, plis pase 130 obsèvatè entènasyonal pou yon ti bout tan Misyon Entènasyonal Kap evalye Eleksyon yo ann Ayiti (MIÉÉH), deplòtonnen nan dis (10) depatman Repiblik la, nan kad dezyèm tou eleksyon palmantè yo (depite ak senatè) kap fèt vandredi 21 avril 2006 la.  Misyon an deplòtonnen nouvo ekip obsèvatè sa yo sou teren an kote yo pral travay ak 20 obsèvatè ki te nan Peyi Dayiti depi mwa septanm lane pase epi kap rete yo menm jouk nan bout pwosesis elektoral la. Misyon an genyen pi gwo ekip obsèvatè entènasyonal kap evalye eleksyon yo ann  Ayiti.

Depi yo te fin rive samdi ki sot pase la a, obsèvatè sa yo ki soti Kanada, nan peyi CARICOM yo ak Japon te resevwa pandan de (2) jou yon fòmasyon djanm. Fòmasyon sa a kouvri tout aspè misyon yo sou teren an ak tout etap yo dwe swiv pou evalyasyon pwosedi elektoral la nan kad dezyèm tou eleksyon palmantè yo sou tout teritwa nasyonal la, premye tou eleksyon senatorayal kap refèt nan Nòdès ak eleksyon pou depite nan 14 sikonskripsyon.

Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti gen manda pou obsève epi evalye tout pwosesis la ki kouvri eleksyon prezidansyèl, palmantè (senatè ak depite), lokal ak eleksyon minisipal yo. Misyon an gen alatèt li yon komite 8 moun ki reprezante enstitisyon elektoral endepandan nan 8 peyi ki se Brezil, Chili, Kanada, Jamayik, Lèzetazini, Meksik, Panama ak Repiblik Dominikèn. Se direktè Eleksyon Kanada, Jean Pierre Kingsley kap dirije komite sa a.

Depi mwa Dawout lane pase, Misyon an ap travay sou teren an kote l jwenn jwenn sipò yon ekip espesyalis ak obsèvatè, ki la pou tout pwosesis elektoral la, sa ki pèmèt nou tabli baz nesesè pou nou reyalize manda nou. «Se gras ak kontribisyon ak konpetans yo nou fenk rive mete deyò yon rapò ki konplete obsèvasyon nou te fè nan kad eleksyon 7 fevriye 2006 yo». Se sou sa prezidan komite direktè Misyon an, Jean-Pierre Kingsley ensiste. 

Rapò sa a prezante divès rekòmandasyon nan objektif pou amelyore pwosesis elektoral la pou dezyèm tou eleksyon yo. Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) deja adopte anpil nan rekòmandasyon sa yo. «Ak  obsèvatè pou yon  ti bout tan yo ki vini epi ki deplòtonnen sou teren an, nou lanse yon lòt faz enpòtan nan pwosesis obsèvasyon  ak evalyasyon pwosesis elektoral la ann Ayiti.

Misyon an deplòtonnen obsèvatè li yo nan kolaborasyon ak lòt Misyon obsèvasyon tankou IFES, Gwoup peyi Ewòp yo ak Gwoup peyi Frankofòn yo. Sa bay asirans obsèvasyon pwosesis elektoral la pral fèt tout bon sou tout teritwa a. Obsèvatè Misyon an yo pral vizite diferan sant vòt nan tout depatman peyi a pou yo kapab swiv jan biwo yo ap louvri, jan vòt la ap dewoule, jan depouyman an ap fèt ak jan premye rezilta yo pral pibliye.

Nan kad manda yo, obsèvatè ki sou lobedyans Misyon an pral fè travay yo san paspouki epi san enjerans nan pwosesis elektoral la.

Misyon an pral pibliye nan semenn kap vini la yo, divès lòt rapò sou eleksyon 21 avril yo, ak yon rapò final nan yon dat yo poko chwazi nan fen Misyon an nan peyi Dayiti.

Pou plis ransèyman, kominike ak :

Jasmine VENDREDI
Rapò ak laprès – (509) 414-4778

Robert B. Lussier
Konseye, Relasyon ak medya entènasyonal – (509) 455-0826.

 

 
   

2006-4-18