International Mission for Monitoring Haitian Elections
Français English Español Português
 
 


Deklarasyon Jean-Pierre Kingsley, prezidan komite kap dirije Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti sou dezyèm tou eleksyon palmantè yo, senatè ak depite, 21 avril 2006

Pòtoprens, lendi 24 avril 2006 — Pèp ayisyen an rapouswiv mach li sou chemen demokrasi. Yon eleksyon nou ka fè konfyans epi ki byen òganize, nan sekirite se prèv volonte pèp sa a.

Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti bese byen ba pou felisite pèp ayisyen an ki bay dizon l demokratikman nan okazyon dezyèm tou eleksyon palmantè yo, senatè ak depite. Entèlijans otorite elektoral yo ak manm biwo vòt yo te pèmèt yo sèvi ak eksperyans yo te pran nan premye tou eleksyon yo pou yo te pote koreksyon ki te nesesè pou amelyorasyon pwosesis elektoral la. Pèp ayisyen an merite nou menm ak tout kominote entènasyonal la apresye yo pou jan yo rive òganize eleksyon sa yo, yo menm.

Se pou sa, nou voye yon gwo kout chapo pou Direktè jeneral Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Jacques Bernard ak tout ekip ki tap travay ak li a tankou prezidan Konsèy la, Max Mathurin ak tou lòt manm KEP a. Nou vle di kijan tout gwoup ak patnè ki te enplike nan pwosesis la te bay bonjan bourad, tankou Misyon Entènasyonal pou Estabilizasyon Ayiti a, (MINUSTAH), sitou nan sak gade lojistik ak kòdinasyon teknik pou rasanble rezilta yo, ak Òganizasyon Eta Ameriken (OEA), pou sipò yo te bay nan mete kanpe lis elektoral la ak sant tabilasyon vòt yo.

Men anvan tout pwen sa yo, Misyon nou an vle wete chapo devan travay pwofesyonèl manm biwo vòt yo te reyalize nan tout depatman peyi a. Anpil nan obsèvatè nou yo te konstate kijan yo te amelyore kalite travay yo. Pèseverans yo se poto mitan bon fonksyonman pwosesis elektoral la.

Deklarasyon sa a rapòte sa nou rive konstate pou rive jodi a nan kad dezyèm tou eleksyon palmantè yo. Poutèt pwosesis la poko bout, nap rapouswiv ak travay obsèvasyon nou sou jan transmisyon pwosè vèbal yo ap fèt ak dewoulman pwosesis rasanbleman rezilta yo kap fèt byen e vit nan sant tabilasyon an nan Pòtoprens, gras ak amelyorasyon ki fèt nan machin elektoral la, dapre sa nou obsève.

Tout travay obsèvatè ak espesyalis nou yo reyalize pèmèt nou dekouvri tout gwo amelyorasyon ki fèt nan pwosesis la nan dezyèm tou eleksyon palmantè yo e sou premye tou eleksyon ki refèt nan yon depatman pou twa senatè ak nan 14 sikonskripsyon pou depite. Nap note:

  • pwosè vèbal yo vin pi senp, paske yo ajoute yon espas kote pou enfòmasyon ki konsène kote biwo vòt yo twouve yo ak non kandida yo, sou fòmilè a menm;
  • sèlman vis prezidan biwo vòt la te gen pou l siyen bilten vòt la pandan tout pwosesis la;
  • kreyasyon nouvo anèks pou gwo sant vòt yo;
  • kekritman plis pase 3 000 ajan elektoral ak gwo wòl sipèvizè ak manadjè yo;
  • afichay lis elektoral pasyèl la, (LEP) nan devanti biwo vòt yo ak distribisyon non elektè yo nan lòd alfabetik;
  • fòmasyon travayè elektoral yo;
  • klarifikasyon pwosedi yo ak amelyorasyon materyèl pou depouyman vòt la;
  • lojistik ak operasyon pou pote rezilta yo, sitou nan sa ki gade jan materyè enpòtan yo rive nan Sant tabilasyon an;
  • nouvo mezi sekirite MINUSTAH ak PNH la te tabli.

Tout amelyorasyon sa yo te pèmèt biwo vòt yo louvri alè epi fasilite bonjan dewoulman eleksyon yo, sa ki te pèmèt tout elektè egzèse dwa sivik yo tèt frèt nan bonjan sekirite.

Si vòt la te dewoule nan akalmi ak lòd gras ak bonjan òganizasyon, bon konpòtman pifò sitwayen ak moun ki tap travay nan sant vòt yo, nou dwe kanmenm note kèk pwen ki te manke e ki merite tout atansyon nou nan kad preparasyon pwochen eleksyon:

  • divès elektè ki te vote nan premye tou eleksyon yo pat kapab vote nan dezyèm tou a akòz non yo pat sou lis elektoral pasyèl la malgre yo te gen nan men yo kat idantifikasyon nasyonal la. Te manke aplikasyon atik 196 Dekrè elektoral ki bay entèdiksyon pou chanje Lis elektoral la pandan premye ak dezyèm tou eleksyon yo;
  • te manke sele, pou anpeche moun louvri bwat bilten yo, sa nou te obsève nan pi fò sant vòt nou te vizite yo;
  • pat gen okenn kanpay pou edikasyon sivik ak enfòmasyon, jan otorite elektoral yo te dwe fè sa nan tout peyi a, pou yo te ka aprann elektè yo jan eleksyon palmantè yo enpòtan; sa tap ensite elektè yo al egzèse devwa sivik yo, malgre MINUSTAH te mete sou pye ak emisyon «dyalòg ak KEP a» ki te touche yon ti gwoup moun tou piti;
  • pati politik yo pat enplike tèt yo nonplis nan kanpay pou motive elektè yo sou enpòtans eleksyon yon Palman djanm: sa ki lakòz to patisipasyon an te bese nan dezyèm tou eleksyon yo;
  • move konpòtman divès mandatè pati politik ak kandida ki pat respekte regleman otorite elektoral la te tabli; egzanp, prezans plis pase twa (3) mandatè nan yon menm biwo vòt.

Nou regrèt te gen moun mouri epi nou kondane tout vyolans ki make jou vòt la. Nou deplore tout ensidan moun pa ka aksepte nan kèk depatman  tankou zak agresyon ak entimidasyon moun ak zam fè sou elektè yo ak sou manm biwo vòt yo; magouy divès endividi ak destriksyon kèk materyèl elektoral. Men, anjeneral nou dwe di entimidasyon ak vyolans pat gen lavwa ochapit nan sant vòt yo. Se kèk ti pwoblèm konsa konsa nan kèk biwo vòt sou yon total 9 000.

Eksperyans eleksyon sa yo koulye a demontre enpòtans kreyasyon yon òganis elektoral konpetan, pèmanan epi pwofesyonèl kap gen bonjan mwayen pou konsève tout achiv ak dosye ki enpòtan. Sa kap pèmèt li reyaji san grate tèt fas ak tout ti pwoblèm ki parèt nan kad yon pwosesis elektoral ann Ayiti. Konsa, Konsèy Elektoral Pèmanan an tap gen pou li table tout pwosedi politik ak regleman. Se Konsèy la ki tap gen pou l mennen administrasyon elektoral la, nan fè rekòmandasyon, nan egzekite epi nan mete sou pye pwogram ki enpòtan.

Misyon nou an ap travay depi mwa jen lane pase. Li gen alatèt li yon komite map dirije, reprezantan enstitisyon elektoral endepandan ki soti nan 8 peyi ki se: Brezil, Chili, Dominikani, Etazini, Jamayik, Kanada, Meksik ak Panama. Nou sou teren an depi mwa dawout lane pase ak ven (20) obsèvatè kap la jous nan bout pwosesis elektoral la nan chak depatman peyi Dayiti. Anplis, depi 18 avril, 130 obsèvatè pou yon ti bout tan te deplòtonnen sou tout teritwa Repiblik la. Yo te obsève dewoulman ak depouyman vòt la nan 489 sant vòt (61%) konsa, 1381 biwo vòt (15%) sou tout teritwa repiblik la.

Li enpòtan pou nou note Misyon nou an gen manda pou analize epi evalye, sou baz kritè ki defini aklè, tout aspè nan òganizasyon pwosesis elektoral la tankou, kad lalwa, enskripsyon pati politik ak elektè yo, edikasyon sivik ak enfòmasyon pou elektè yo, patisipasyon pati politik yo nan medya yo san paspouki, operasyon pou konte bilten epi bay rezilta yo, plent yo depoze apre vòt la. Sou sit entènèt Misyon an, (www.mieeh-immhe.ca), gen tout detay sou prensip ki fonde evalyasyon yo.

Misyon an chita sou yon apwòch ki pèmèt nou mache ansanm ak KEP a. Pou sa, mete sou obsèvasyon, Misyon an devlope bonjan rapò ak KEP a, epi ak Direktè jeneral ensitisyon an, Jacques Bernard. Nou pa kanpe nan obsèvasyon an e nou rive pataje analiz nou yo ak KEP a. Anplis, nou fè rekòmandasyon byen klè sou diferan aspè òganizasyon eleksyon yo ki al jwenn KEP a. Nou te pibliye rekòmandasyon sa yo semenn pase a, nan yon rapò ki konplete sa nou te deja di sou eleksyon pase yo. Rapò sa a sou sit entènèt Misyon an.

Nan semenn kap vini yo, Misyon an ap mete deyò yon rapò etap ki pi konplè kap gen rekòmandasyon klè nan objektif pou reyisit pwosesis elektoral la ki deja byen lanse ka amelyore.

Pèp ayisyen an franchi yon etap enpòtan nan mach li sou wout demokrasi a, e nou felisite l pou sa. Alèkile, ak eksperyan li fè nan eleksyon sa yo, li dwe gade devan.

Pou plis enfòmasyon sou MIEEH, vizite sit entènèt www.mieeh-immhe.ca oswa kominike ak:

Jasmine Vendredi
Rapò ak laprès – (509) 414-4778

Robert B. Lussier
Konseye, Rapò ak medya entènasyonal – (509) 455-0826

 

 
   

2006-4-24