International Mission for Monitoring Haitian Elections
Français English Español Português
 
 

 

DAT ELEKSYON YO ANN AYITI REPÒTE

Pòtoprens, vandredi 30 desanm 2005 — Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti sou tèren an depi mwa Dawou pase a ak yon ekip obsèvatè sou tout teritwa Repiblik Dayiti. Apre yon vizit 2 jou nan peyi Dayiti kote l te rankontre ak divès aktè kap travay nan pwosesis elektoral la, Prezidan komite kap dirije Misyon an, Jean-Pierre Kingsley deside bay popilasyon an enfòmasyon sou konsta Misyon an fè.  Vis prezidan Komite kap dirije Misyon an, Danville Walker te fè divès konsta nan yon vizit li te fè anvan nan peyi Dayiti.

Depi Jacques Bernard ki se direktè Jeneral Konsèy Elektoral Pwovizwa a te antre nan djòb li sa gen plis pase de mwa, li montre li gen kapasite epi tou li dispoze fè pwosesis la mache. Li rive mete ansanm tout gwoup, nasyonal kou entènasyonal, kap travay nan pwosesis elektoral la. Kit se Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) kit se Misyon Entènasyonal pou Estabilizasyon Ayiti a, (MINUSTAH), yo te mete fòs yo ansanm ak KEP a nan objektif pou pèmèt chak etap nan pwosesis la reyisi. Nap note, Jacques Bernard rankontre chak jou manm KEP a ak aktè entènasyonal yo nan lide pou evalye preparasyon eleksyon yo.

Dapre enfòmasyon yo, 1,4 milyon elektè déjà gen kat idantifikasyon nasyonal la nan men yo. Rete anviwon 2 milyon ki poko al nan men mèt yo. OEA fè gwo jefò anplis pou wè si tout sitwayen yo ka jwenn kat yo. OEA ajoute 800 moun sou 1900 ki te déjà ap travay nan 400 sant distribisyon kat yo. Kat yo enpòtan paske se gras a yo elektè yo ap konnen ki kote pou yo ale vote.

Pou koulye a, KEP a deja chwazi apeprè 800 sant vòt pou rezon sekirite. Men, genyen ladan yo ki merite kèk modifikasyon. Chanjman sa yo ap parèt sou kat idantifikasyon nasyonal sitwayen yo ap pran yo. Li twò ta pou gen gwo chanjman nan pwosesis elektoral la. Anplis, lis elektoral la dwe pare pou elektè yo ka mande koreksyon si yo gen bezwen sa.

Pou kounye a, sou 38 000 moun ki pral travay nan biwo vòt yo, KEP a déjà chwazi 97% kap tann lè pou yo resevwa fòmasyon ki nesesè. Fòmasyon an depann de dat eleksyon yo. Materyèl elektoral la deja pare. Bilten vòt yo deja enprime

Dapre analiz nou fè, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ yo pap ka fèt nan dat 8 janvye 2006 la. Dwe gen yon nouvo dat pou eleksyon yo. Dat sa a dwe chita sou divès delè kap pèmèt bonjan kondisyon tabli nan objektif reyalizasyon bonjan eleksyon.

Dapre nou, premye tou eleksyon yo merite tann pou pi piti twa osnon kat semenn ankò. Epi, dezyèm tou eleksyon merite repòte lè nou baze sou peryòd kontestasyon yo ak kanaval 2006 la. Anplis, KEP a dwe gen yon pwogram detaye kap gen ladan, detay nesesè sou aktivite ki dwe fèt yo ak  wòl chak responsab. Pwogram sa dwe fèt ak patisipasyon chak aktè ki enplike nan pwosesis la.  

Koulye a, nan pwosesis elektoral la sa ki pi enpòtan se pou sitwayen yo al pran kat elektoral la. Tout aktè yo, kit se Gouvènman tranzisyon an, pati politik yo, KEP a, OEA, MINUSTAH, laprès, sosyete sivil ayisyèn nan, yo dwe mete fòs yo ansanm pou ankouraje sitwayen yo ale chèche kat elektoral la.

Se konsa nap rive nan objektif la ki se reyalizasyon bon jan eleksyon lejitim, transparan; eleksyon pèp ayisyen an ak kominote entènasyonal la ap kapab aksepte.

Pou ransèyman :  
Jasmine VENDREDI, relasyon ak laprès – (509) 414-4778
À : www.mieeh-imeeh.ca

 
   

2006-2-24