|
DEPLOTONMAN OBSÈVATÈ
MISYON ENTÈNASYONAL KAP EVALYE ELEKSYON YO ANN
AYITI
Pòtoprens, lendi 6 fevriye
2006 – Depi
yo fin rive nan peyi Dayiti jedi 2 fevriye a, 127 obsèvatè entènasyonal
ki vini sou lobedyans Misyon Entènasyonal Kap evalye Eleksyon
yo ann Ayiti (MIÉÉH), deplòtonnen nan dis
(10) depatman Repiblik la nan kad premye tou eleksyon prezidansyèl
ak lejislatif yo kap fèt demen madi 7 fevriye a. Misyon
an genyen pi gwo ekip obsèvatè entènasyonal
kap evalye eleksyon yo ann Ayiti. Misyon an deplòtonnen
nouvo ekip obsèvatè yo sou teren an kote yo pral
jwenn gwoup 20 obsèvatè ki te nan Peyi Dayiti depi
mwa septanm lane pase.
Obsèvatè sa yo ki soti nan peyi Kanada, nan peyi
CARICOM yo, nan peyi Japon ansanm ak obsèvatè Frankofoni
yo, te resevwa pandan tout jounen 3 fevriye a, yon fòmasyon
djanm ki kouvri tout aspè misyon yo sou teren an ak
tout etap yo dwe swiv pou evalyasyon pwosedi elektoral la epi
premye tou eleksyon yo sou tout teritwa nasyonal la.
«Misyon an ap travay sou teren an depi mwa out lane
pase. Pou rive jodi a, nou jwenn kontribisyon
yon ekip espesyalis ak obsèvatè, ki la pou tout
pwosesis elektoral la, sa ki pèmèt nou tabli
baz nesesè pou nou reyalize manda nou, » se
sou sa direktè Misyon an, Claude Parent ensiste. «Ak obsèvatè pou
ti bout tan yo ki vini epi ki deplòtonnen sou teren
an, nou lanse faz ki pi enpòtan nan pwosesis obsèvasyon ak
evalyasyon pwosesis elektoral la.
Misyon an deplòtonnen obsèvatè li yo nan
nan kolaborasyon ak obsèvatè IFES yo. Sa bay asirans
obsèvasyon pwosesis elektoral la pral fèt tout
bon sou tout teritwa a. Yo pral vizite diferan sant vòt
pou yo kapab swiv jan biwo yo ap louvri, jan vòt la ap
dewoule, jan depouyman an ap fèt ak jan premye rezilta
yo pral pibliye. Obsèvatè yo ap tounen nan peyi
yo nan fen semenn nan.
Nan kad manda yo, obsèvatè ki sou lobedyans Misyon
an pral fè travay yo san paspouki epi san enjerans nan
pwosesis elektoral la.
Misyon Entènasyonal Kap evalye Eleksyon yo ann Ayiti
(MIÉÉH) gen alatèt li yon komite 8 moun
ki se reprezantan enstitisyon elektoral endepandan 8 peyi ki
se:
- Jean-Pierre Kingsley (Kanada), Prezidan ;
- Danville Walker (Jamayik), Vis prezidan ;
- Torquato Jardim (Brezil) ;
- Juan Ignacio Garcia Rodriguez (Chili) ;
- Paul DeGregorio (Lèzetazini) ;
- Manuel Carrillo (Meksik) ;
- Edouardo Valdes (Panama) ; ak
- Luis Eladio Arias Nunez (Repiblik Dominikèn)
Komite direktè a ap reyini pou koulye a nan Pòtoprens
kote lap analize rapò divès espesyalis sou jan
pwosesis la te tabli pou rive nan operasyon vòt la. Komite
Direktè Misyon an pral pibliye yon premye rapò twa
jou apre eleksyon 7 fevriye yo ak yon rapò final nan yon
dat yo poko chwazi.
Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti
gen manda pou obsève epi evalye tout pwosesis la ki kouvri
eleksyon lejislatif, prezidansyèl, lokal ak eleksyon minisipal
yo.
Pou ransèyman, kominike ak :
Jasmine Vendredi
Rapò ak laprès – (509) 414-4778
Robert B. Lussier
Konseye, relasyon ak medya
entènasyonal – (509) 455-0826.
|