International Mission for Monitoring Haitian Elections
Français English Español Português
 
 

 

DEPLOTONMAN OBSÈVATÈ
MISYON ENTÈNASYONAL KAP EVALYE ELEKSYON YO ANN AYITI

 Pòtoprens, lendi 6 fevriye 2006 – Depi yo fin rive nan peyi Dayiti jedi 2 fevriye a, 127 obsèvatè entènasyonal ki vini sou lobedyans Misyon Entènasyonal Kap evalye Eleksyon yo ann Ayiti (MIÉÉH), deplòtonnen nan dis (10) depatman Repiblik la nan kad premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo kap fèt demen madi 7 fevriye a. Misyon an genyen pi gwo ekip obsèvatè entènasyonal kap evalye eleksyon yo ann  Ayiti. Misyon an deplòtonnen nouvo ekip obsèvatè yo sou teren an kote yo pral jwenn gwoup 20 obsèvatè ki te nan Peyi Dayiti depi mwa septanm lane pase.

Obsèvatè sa yo ki soti nan peyi Kanada, nan peyi CARICOM yo, nan peyi Japon ansanm ak obsèvatè Frankofoni yo, te resevwa pandan tout jounen 3 fevriye a, yon fòmasyon djanm ki kouvri tout aspè misyon yo sou teren an  ak tout etap yo dwe swiv pou evalyasyon pwosedi elektoral la epi premye tou eleksyon yo sou tout teritwa nasyonal la.

«Misyon an ap travay sou teren an depi mwa out lane pase.  Pou rive jodi a, nou jwenn kontribisyon yon ekip espesyalis ak obsèvatè, ki la pou tout pwosesis elektoral la, sa ki pèmèt nou tabli baz nesesè pou nou reyalize manda nou, » se sou sa direktè Misyon an, Claude Parent ensiste.  «Ak  obsèvatè pou ti bout tan yo ki vini epi ki deplòtonnen sou teren an, nou lanse faz ki pi enpòtan nan pwosesis obsèvasyon  ak evalyasyon pwosesis elektoral la.

Misyon an deplòtonnen obsèvatè li yo nan nan kolaborasyon ak obsèvatè IFES yo. Sa bay asirans obsèvasyon pwosesis elektoral la pral fèt tout bon sou tout teritwa a. Yo pral vizite diferan sant vòt pou yo kapab swiv jan biwo yo ap louvri, jan vòt la ap dewoule, jan depouyman an ap fèt ak jan premye rezilta yo pral pibliye. Obsèvatè yo ap tounen nan peyi yo nan fen semenn nan.

Nan kad manda yo, obsèvatè ki sou lobedyans Misyon an pral fè travay yo san paspouki epi san enjerans nan pwosesis elektoral la.

Misyon Entènasyonal Kap evalye Eleksyon yo ann Ayiti (MIÉÉH) gen alatèt li yon komite 8 moun ki se reprezantan enstitisyon elektoral endepandan 8 peyi ki se:

  • Jean-Pierre Kingsley (Kanada), Prezidan ;
  • Danville Walker (Jamayik), Vis prezidan ;
  • Torquato Jardim (Brezil) ;
  • Juan Ignacio Garcia Rodriguez (Chili) ;
  • Paul DeGregorio (Lèzetazini) ;
  • Manuel Carrillo (Meksik) ;
  • Edouardo Valdes (Panama) ; ak
  • Luis Eladio Arias Nunez (Repiblik Dominikèn)

Komite direktè a ap reyini pou koulye a nan Pòtoprens kote lap analize rapò divès espesyalis sou jan pwosesis la te tabli pou rive nan operasyon vòt la. Komite Direktè Misyon an pral pibliye yon premye rapò twa jou apre eleksyon 7 fevriye yo ak yon rapò final nan yon dat yo poko chwazi.

Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti gen manda pou obsève epi evalye tout pwosesis la ki kouvri eleksyon lejislatif, prezidansyèl, lokal ak eleksyon minisipal yo.

Pou ransèyman, kominike ak :

Jasmine Vendredi
Rapò ak laprès – (509) 414-4778

Robert B. Lussier
Konseye, relasyon ak medya entènasyonal – (509) 455-0826.

 
   

2006-2-7