International Mission for Monitoring Haitian Elections
Français English Español Português
 
 

 

ELEKSYON NAN PEYI DAYITI
OBSÈVATÈ POU YON TI BOUT TAN AN YO AP RIVE

Pòtoprens, vandredi 27 janvye 2006 — Misyon Entènasyonal pou Evalyasyon Eleksyon yo ann Ayiti kap travay sou teren an depi mwa dawout lane 2005 fin pare nèt pou egzekite manda li genyen pou evalye premye tou eleksyon prezidansyèl ak eleksyon lejislatif yo kap tanmen nan peyi Dayiti nan dat 7 fevriye 2006 la.

Misyon an gen alatèt li yon komite 8 moun ki se reprezantan enstitisyon elektoral 8 peyi :

  • Jean-Pierre Kingsley (Kanada), Prezidan ;
  • Danville Walker (Jamayik), Vis prezidan ;
  • Torquato Jardim (Brezil) ;
  • Juan Ignacio Garcia Rodriguez (Chili) ;
  • Paul DeGregorio (Lèzetazini) ;
  • Manuel Carrillo (Meksik) ;
  • Edouardo Valdes (Panama) ; ak
  • Luis Eladio Arias Nunez (Repiblik Dominikèn)

Sou tout teritwa Repiblik Dayiti, depi mwa septanm lane 2005, gen yon ekip obsèvatè ki deja sou teren e kap rete lè misyon an bout. Obsèvatè sa yo ap swiv jan pwosesis la ap vanse e yap fè preparasyon pou akeyi 130 obsèvatè pou yon ti bout tan yo ki pral travay sou lobedyans Misyon an. Obsèvatè sa yo ap soti nan peyi Kanada, nan peyi ki nan CARICOM yo, ak nan peyi Japon. Yo pral travay nan tèt kole ak obsèvatè Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni ak IFES yo nan objektif pou obsèvasyon eleksyon yo byen fèt sou tout teritwa peyi Dayiti.

Obsèvatè pou yon ti bout tan yo pral travay sou teren an soti 2 pou rive 9 fevriye 2006. Yo pral obsève pwosesis vòt la, depouyman an, ak jan transmisyon premye rezilta yo pral fèt. Pou yo fè travay sa a, obsèvatè yo resevwa bonjan fòmasyon kap kouvri tout aspè ki konsène travay Misyon evalyasyon yo. Yo pral fè divès ekip travay sou tout teritwa Repiblik Dayiti pandan. Obsèvatè ki te deja ap travay sou teren an pral sipèvize travay yo.

Obsèvatè pou yon ti bout tan ki pral deplòtonnen nan peyi dayiti yo se yon etap ki enpòtan anpil nan akonpayman ak evalyasyon pwosesis elektoral la nan peyi Dayiti jan enstitisyon elektoral 8 peyi ki fòme Misyon an swete sa. Obsèvatè sa yo ki sou lobedyans Misyon an, gen obligasyon pou yo travay san patipri epi san enjerans nan pwosesis elektoral la.

Misyon an gen objektif ranfòse konfyans tout ayisyèn ak ayisyen nan pwosesis elektoral la ki se pa yo.

Pou ransèyman :
Jasmine VENDREDI, Rapò ak laprès. (509) 414-4778.
Vizite sit Entènèt : www.mieeh-immhe.ca

 
   

2006-2-24