|
MISYON ENTENASYONAL KAP EVALYE ELEKSYON YO ANN AYITI TANMEN YON PREMYE REYINYON TRAVAY NAN PÒTOPRENS
PÒTOPRENS, jedi 6 oktòb 2005 – Manb Misyon Entènasyonal
kap evalye eleksyon yo ann Ayiti (MIEEH) tanmen mèkredi 5
ak jedi 6 oktòb la yon reyinyon travay nan Pòtoprens.
Premye reyinyon sa a fèt nan objektif pou evalye pwosesis
elektoral la. Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) rekonèt
Misyon Entènasyonal la kap evalye eleksyon prezidansyèl,
lejislatif (palmantè); eleksyon pou Meri, AZEK, KAZEK ak
Delege Vil yo, eleksyon kap fèt nan pwochen mwa yo.
Rankont sa a pèmèt Misyon an brase lide ak KEP a, epi òganizasyon entènasyonal kap travay nan pwosesis elektoral la, tankou Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon ann Ayiti (MINUSTAH) ak Òganizason Eta Ameriken yo (OEA).
Misyon sa a sou pye depi fowòm kominote entènasyonal la te fè sou Ayiti nan dat 16 ak 17 jen ane sa a nan Monreyal, Kanada. Li gen ladan reprezantan enstitisyon elektoral 8 peyi (Brezil, Kanada, Chili, Etazini, Jamayik, Meksik, Panama ak Repiblik Dominikèn. « Endepandans enstitisyon elektoral peyi nou chak, mete ak bon jan eksperyans nou nan koze òganizasyon eleksyon, se sa ki ba nou konpetans pou nou byen ranpli misyon nou» sa a se deklarasyon Jean Pierre Kingsley ki se prezidan misyon an ki se tou Direktè jeneral Eleksyon Kanada. « Wòl Misyon Entènasyonal kap Evalye Eleksyon yo ann Ayiti se mache ak pèp Ayisyen an sou wout demokrasi. »
Nan kad aktivite lap mennen yo, misyon an prevwa bay KEP a konsèy espesyalis nan divès domèn, ogmante konfyans tout sektè ki enplike nan eleksyon yo (pati politik, kandida ak elektè). Epi tou, Misyon an ap kreye pon ant gwoup obsèvate nasyonal ak entènasyonal ki sou teren an, epi travay pou tout popilasyon an pran konfyans nan pwosesis elektoral la jouk nan bout li.
Depi koumansman mwa dawou a, Misyon an gen yon biwo, Sekretarya jeneral li, kap fonksyone ann Ayiti. Ak yon gwoup 10 obsèvatè entènasyonal kap travay nan tout peyi a epi kap sou teren an jouk nan fen pwosesis elektoral la, Biwo sa a la pou òganize travay yo pou misyon an jwe wòl li genyen an kòmsadwa. Nan sans sa a, divès rankont deja fèt ant gwoup ki enplike nan òganizasyon eleksyon yo; rankont ak pati politik yo, meri yo, reprezantan biwo elektoral depatmantal kou kominal (BED ak BEK yo), ak divès enstitisyon nan peyi Dayiti.
Gras ak konsèy espesyalis yo, misyon an pral evalye eleksyon yo nan peyi Dayiti sou divès pwen enpòtan yo itilize deja tout kote eleksyon ap fèt. Men pwen yo :
- Kad lalwa
- Enskripsyon elektè yo
- Preparasyon pou eleksyon yo
- Enfòmasyon ak edikasyon sivik elektè yo
- Patisipasyon pati politik yo nan medya san paspouki
- Pati politik ak kandida ki gen dwa patisipe yo
- Bòn oswa limit pou chak sikonskripsyon
- Plent yo depoze anvan eleksyon yo
- Dewoulman operasyon vòt yo
- Operasyon pou konte bilten epi bay rezilta yo
- Plent yo depoze apre vòt la
- Efraksyon ak aplikasyon lalwa pandan pwosesis la
- Finansman kanpay elektoral la epi jan lajan leta ap depanse
- Koze sekirite pou dewoulman eleksyon yo
- Respè libète fondalnatal yo.
Ak tout pwen sa yo nou sot site la a, Misyon an ap kapab evalye pwosesis elektoral la nan bon ti mamit depi nan koumansman jouk nan bout li.
Pou plis enfòmasyon sou wòl misyon an oubyen si ou bezwen kominike sa a nan lang franse, angle, panyòl oswa pòtigè vizite sit entènèt www.mieeh-immhe.ca.
Pou enfòmasyon :
(509) 563-1511 (Pòtoprens)
(613) 993-2225 (Otawa)
|